|
ASOSYASYON NASYONAL POU
AVANSÉ AYISYEN (NAAHD) se yon MOUVMAN JÈN'N AYISYEN POU TRANSFOMASYON SOSYAL ki
ap chaché sitwayen konsèné, JÈN GASON ak JÈN FI, ki sé pwofésyonèl, Zòm dafè,
Lidè nan Kominoté ya, ki nan péyi étranjé, nan péyi d’Ayiti ak tou pa tou sou latè, pou mété men ak nou, pou’n envesti ak angajé nan batay pou transfomé
démen ti mou’n nou yo, JÈN nou yo nan péyi ya. Nou entérésé nan bati bon jan
zanmitay ak lòt oganizasyon ki déjà nan péyi ya, pou nou kontribyé nan JÈN sosyété
nou an ki sé démen péyi ya.
Konnya NAAHD ap kampé Opérasyon mouvman
an Nan péyi d’Ayiti, pou nou komansé kampay mobilizasyon, séminè, travay
ansan’m ak konférans pou JÈN yo sou reskonsablité sivik ak Sosyal la
NAAHD pwal kréyé YON VWA pou JÈN yo ak TI MOUN, yo pa jan’m sèvi ak bay
réspè dapwè konstitisyon péyi ya.
Pa di nou sa a sé yon Bon Travay ak swété nou bon’n chans,
Travay sa a pap kapab vin’n yon réyalité si ou pa poté patisipasyon pa ou. Mété
men ak nou, Sé sèl mwayen sa-a ka fèt. Nan NAAHD nou pa kwè nan chans, Nou kwè
nan Travay san pwan souf pou’n réyalizé rèv saa. Si ou konnen ou genyen kèk
bagay ké ou kapab patajé ak JÈN nou yo voyé yon lèt éléktronik pou nou nan
adrès sa-a naahdayiti@naahd.org
NAAHD di ou déja Byenvini.
|