NAAHD pwan yon gwo angajman pou li travay ak légliz yo, nan yon
fason pou li fè édikasyon ak fomasyon JÈN gason ak JÈN fan’m ki nan légliz sou
reskonsablité sivik ak sosyal ké yo ta dwé genyen, sou angajman ké yo dwé pwan
nan sosyété ya, paské nou kwé ké la BIB di, “Mou'n ki gen la Fwa, ki pa fè Zèv
pa gen Valè” Si se sa vré, Zèv yo ki fè pati lavi sosyal nou, fòk nou kapab
jwen’n mwayen pou konnen réskonsablité nou, kon’n dévwa nou, dwa nou, ki sa
sosyété ya ap tan’n nan men nou, ak kòman nou pakab bati bon jan rélasyon ak
tout lòt mou’n nan sosyété ya san nou pa bezwen nan men’m nivo ak nan men’m
chimen espirityèl avèk yo.
Sé pou tèt sa NAAHD ap mandé ak nou tout ki nan yon légliz, ki
sé PASTÈ, PÈ ak FIDÈl ki sé sitwayen Légliz yo ki konsèné nan sakap déwoulé chak
jou nan popilasyon nou ak nan lavi nou, pou nou prété yon atansyon éspésyal ak
travay NAAHD ap fè nan péyi pou nou kapab pwan avantaj travay saa kap bénéfisié
nou tout. Envité NAAHD pou fe yon Pwézantasyon pou JÉNÈS légliz la. Voyé yon
Imèl banou nan adrès saa: Légliz@naahd.org ou byen rélé nou nan
nimero sa-a Tel: (509) 3679-3781