|
MOUVMAN JEN'N POU TRANSFOMASYON SOSYAL gen yon gwo entérè nan tout lékol ki établi nan tout péyi
paské nou kwè, sé étidyan sa yo men'm nou bezwen travay avèk yo avan nou pasé lòt
koté yo.
Lékol yo réprézanté yon platfòm solid ki gen
anpil enpòtans pou NAAHD kapab dévlopé Pwogram li genyen pou JEN'N yo. Nou
ankourajé chak lékol pou anbwasé pwogram sa yo, ki ap poté yon gran chanjman
nan sosyété nou an. Men Pwogram NAAHD ap dévlopé ansan'm ak patisipasyon lékol
yo↵
Motivasyon ak Pèfòmans an Direk!
NAAHD kwè JÈN yo dwé jwen'n motivasyon pou yo ankourajé ak lékol
yo ak patisipé nan bati sosyete yo, sé yon pwogram ki entérésan, nap oganizé
anpil lòt pèfòmans, kòm misik, aktivité espòtiv ak motivasyon sou
édikasyon sivik ak reskonsablité sosyal, JÈN yo nan tout péyi ya.
Prézantasyon ak Travay nan ékip!
NAAHD oganizé yon prézantasyon ak travay nan ékip pou JÈN nan
chak bouk ak vil nan péyi d'Ayiti. Nou montré JÈN yo travay nan ékip ak dévlopé
bon jan konvèsasyon nan mitan yo, nan yon fason pou yo kapab apran'n bati
yon ak devlopé bon jan rélasyon sosyal nan mitan yo nan kominoté yap viv la.
Konférans!
NAAHD oganizé konférans pou kembé JÈN Nan tout réjion yo okipé,
AK édiké yo sou pwoblèm difisil sosyété nou an AP travèsé, AK koman pou nou
oganizé AK poté kontribisyon pa nou, pou jwen’n yon soulajman yon AK pou
sosyété ya kapab fonksioné byen.
Séminè Pou JÈN yo!
NAAHD ofwi Seminè kòm édikasyon kap kontinyé sou anpil lot sujè,
kòm édikasyon sivik ak reskonsablité sosyal, kon’n enpòtans dévlopé pwodiksyon
nasyonal la, ak anpil lòt ankò nan tout lékòl ak légliz nan péyi ya, pou nou
asiré JÈN yo ap apwan’n kòman pou yo pwan reskonsablité yo nan sosyété
yap viv la.
Touris Sosyal!
NAAHD ofwi yon
pwogram Touris Sosyal ak anpil JÈN yo nan tout péyi ya ki vlé vwayajé ak nou
pou rankontré lòt JÈN ak vizité lòt koté nan péyi ya pandan Konférans, Seminè,
Travay Ansan’m (Workshops) Rankont (summits) ak fè travay volontè nan tout
Répiblik la. Pou tout lòt enfòmasyon voyé yon I-mèl ban nou: Lékol@naahd.org
|