|

Frèn’ n ak Se’n yo.
Aprè mwen fin’n pasé
20 lané lwen péyi d’Ayiti, mwen finalman retounen andan péyi ya
pou poté kontribisyon pa’m kòm dévwa ak reskonsablité sitwayen
ké mwen genyen pou ayiti. Jodya mwen vlé sèvi ou ak tout péyi
ya.
Mwen santi’m boulvèsé
e s’ak anpil kè soté map viv sakap pasé nan péyi d’Ayiti jodya,
komansé pa mizè ki ap fini ak nou ak déclanchman sosyété nou an, koté réspè,
moralité, entégrité, pa fè pati vi nou ak kilti nou ankò.
Aprè 20 lané
brigandaj, krazé, brizé, mensonj, vol, nou kwè lè ya rivé pou nou angaje’n nan
yon batay pou chanjman sosyal koté tout moun dwé poté patisipasyon pa yo.
Mwen pwopozé pou nou
mété men ansan’m, pou nou bati reskonsablité JEN'N SOSYÉTÉ nou an pou yon démen
miyò ak yon lòt lidèship ki gen yon lòt vizyon pou yon lòt sosyété tou nèf.
Jwen’n ak nou pou’n fè
diférans sa-a, Mwen konté sou bon Kè ou, lanmou ou gen pou péyi nou an ak
kompran’n ou
Sonjé byen, Ou dwé
chanjman sa ou ta renmen wè nan sosyété ya.
Mèsi Anpil.
Sèvitè ou
Nod Dorcilien
Prézidan Ak
Fondatè NAAHD
|