|
Motivasyon ak Pèfòmans Dirèk!
NAAHD kwè JÈN’N yo dwé
jwen'n bon jan motivasyon pou yo ankourajé ak lékol yo ak patisipé nan bati
sosyete ya, sé yon pwogram ki entérésan, nap oganizé anpil lòt pèfòmans, kòm aktivité
misik, espòtiv ak motivasyon sou édikasyon sivik a reskonsablité sosyal ak
moral JÈN yo nan tout péyi ya.
Prézantasyon ak Travay nan ékip!
NAAHD oganizé prézantasyon
ak travay nan ékip (Workshops) pou JÈN’N nan chak bouk ak vil nan péyi d'Ayiti.
Nou montré JÈN’N yo travay nan ékip ak dévlopé bon jan konvèsasyon nan
mitan yo, nan yon fason pou yo kapab apran'n bati ak dévlopé bon jan rélasyon sosyal yon’n ak
lòt nan mitan kominoté yap viv la, pou pwogrè kapab gen chans fè wout li.
Konférans!
NAAHD oganizé konférans
pou kembé JÈ’N Nan tout réjion yo okipé nan aktivité sosyal, ak édikasyon sou
pwoblèm difisil sosyété nou an fè fàs ak li chak jou, ak koman pou nou oganizé ak
poté kontribisyon pa nou, pou jwen’n yon soulajman pou sosyété ya kapab
fonksioné pi byen.
Séminè Pou JÈN’N yo!
NAAHD ofwi Seminè, kòm
édikasyon kap kontinyé, pwémièman sou reskonsablité sivik ak sosyal, ak sou
anpil lòt sujè, konnen enpòtans dévlopé pwodiksyon nasyonal la nan tout nivo,
ak anpil lòt ankò nan tout lékòl ak légliz nan péyi ya, pou nou asiré JÈN’N yo
ap apwan’n koman pou yo pwan reskonsa-blité yo nan sosyété yap viv la pou yon
demen miyò ké sa nap viv jodya la.
Touris Sosyal!
NAAHD ofwi yon pwogram
Touris Sosyal ki sé yon Chans pou anpil JÈN’N yo nan tout péyi ya ki vlé
vwayajé ak nou pou rankontré lòt JÈN’N ak apwan’n koman yo viv, ak vizité lòt koté nan péyi ya pandan Konférans,
Seminè, Travay Ansan’m (Workshops) Rankont (summits) ak fè travay volontè nan
tout Répiblik la.
Volontè!
NAAHD
Ofwi bay chans ak chak JÈN’N pou yo mété men yo nan pratik travay ak jwen’n bon
jan ékspérians nan travay volontè ak pwojè nan tout péyi ya, komansé nan planté
pié bwa, travay agrikilti, bati bibliotèk, lékòl, sant medical, sant apwantisaj
ak sant kominotè pou JÈN’N yo ak anpil lòt travay volontè ki va chanjé la vi yo,
pou tout tan gen tan.
Klike isi →pou yon bwochu Pwogram NAAHD
|