VOLONTÈ NASYONAL

Kò Volontè Nasyonal NAAHD la sé yon yon mouvman ké nou kréyé andan NAAHD pou angajé ak montré Jen'n yo enpòtans ki genyen nan bay tan yo nan travay volontè ak patisipé nan bati kominoté ak péyi nou,  sak pi enpòtan apwan'n kòman lè ou bay tan ou pou sèvis péyi ou, kominoté ou, ki byen li fè pou ou ak lòt moun'n nan zòn lakay ou, éspésyalman nan yon péyi tankou Ayiti, koté plis moun'n nan gran bezwen pou bati Sant Kominotè, Sant Médikal, Libréri ak anpil lòt ankò, pandan wap édé bati kominoté ou, wap jwen'n bon jan konésans ak fè anpil ékspérians ki ap sèvi ou démen. é sé yon bon bagay si ou ta konsidéré mété men  ak nou kòm yon volontè pou ou édé nou édé ak sèvi lòt mou'n.

Wap gen chans pou ou travay ak anpil lòt JEN'N nan tout péyi ya ki fè pati KÒ  VOLONTÈ NASYONAL NAAHD la.

Pou kisa ou dwé konsidéré volontè ak nou? 

Ou dwé konsidéré Volontè avèk nou paské;   

  • Volontè édé krazé bariè sosyal ak mou'n ou patap jan'm gen chans rankontré nan vi ou chak jou.
  • Volontè sé yon bon sèvis lè lòt mou'n aprésyé sa ou fè pou yo, ki motivé ak fè yo pansé pi byen, viv pi byen nan la vi ak gen plis lanmou nan kè yo.
  • Volontè édé ou konpwan'n, pou ou gen yon pi bon konpreyansyon nan jan lòt  moun'n  ap viv ak kòman ou kapab pi sansib pou bezwen lòt moun'n.
  • Volontè édé ou jwen bon jan konésans ak fè ékspérians ki ap sèvi ou pou tout vi ou.
  • Volontè sé yon gran chémen pou nou kapab fè vizyon yon lòt sosyété ki pi solid ak patisipasyon tout mou'n.  

 Jwen'n Avèk nou, nan travay volontè. Voyé yon Imèl ba nou: Volontè@naahd.org


NAAHD se yon MOUVMAN JENN AYISYEN POU TRANSFOMASYON SOSYAL
© Copyright 2008 NAAHD.Org. All rights reserved.